🌿 Verite sou pwodui ki eklèsi po: sa yo pa janm di w

🌿 Verite sou pwodui ki eklèsi po: sa yo pa janm di w

Depi lontan, gen moun kap itilize pwodui pou fè po yo parèt pi klè. Yo panse sa ap fè yo pi bèl, pi pwòp, oswa pi respekte. Men dèyè sa a, gen anpil domaj kap fèt sou pow e pafwa, sou santew tou.

Nan anpil peyi atravè mond lan Afrik, Azi, Amerik Latin plizyè fanm itilize pwodui sa yo san konnen danje yo genyen. Yo achte yo nan mache, sou entènèt, oubyen nan magazen, san konsèy yon doktè. Anpil fwa, yo sèlman sispann lè po yo kòmanse boule, fè tach, oswa vin sansib twòp.


⚠️ Men sa pwodui ki eklèsi pow yo konn fè ak pow:

  1.  Yo deregle koulè pow.
    Lè w sispann itilize pwodui a, koulè pow pa vin menm  jan ankò.
    Ou ka wè tach nwa, tach blan, oswa mak ki difisil pou ale.
  2. Yo fè po w parèt pi aje pase laj ou.
    Pwodui sa yo retire kolagen nan pw, e se kolagen ki fè pow rete lis ak jèn.
    Rezilta a? Rid, sechrès, ak po ki san vitalite.
  3. Yo ka bay pwoblèm nan ren, fwa, ak menm sèvo.
    Gen pwodui ki gen mèki ladan yo yon pwazon ki antre nan san w, e ki ka fè anpil domaj andedan kò a.
  4. Yo fè po a vin sansib e frajil.
    Lè pwoteksyon natirèl pow (sebum) ale menm ti solèy la ka boule w.

💬 Reyalite a senp:

Pwodui sa yo ka fèw parèt klè pou yon ti tan, men yo retire tout sante ak fòs pow.
Apre kèk mwa oswa ane, ou remake pow pèdi tout bèl aparans li, li gate, li vin difisil pou jere.


💛 Nan POMYEL, nou pa vle w chanje koulèw nou vle ede w refè li.

Nou kwè chak koulè po se yon benediksyon.POMYEL la pou edew renouvle pow natirèlman san pwodui chimik, san pwazon.Nou itilize engredyan natirèl tankou siwo myèl, lwil kokoye, karité, vitamin C, ak fèy mant pou ede pow refè dousman.


🌸 Si pow domaje oswa deregle aprew te itilize pwodui ki eklèsi pow:

  • yon konsiltasyon gratis ak nou pou konnen kijan pouw geri pow.
  • Ranpli fòm konsiltasyon an sou pomyel.com/#quiz
  • Ou kapab tou ekri nou dirèkteman sou WhatsApp: 561-618-9474

Pa bliye se chwazi POMYEL, paske po w merite pi bon swen.

Back to blog

Leave a comment

Please note, comments need to be approved before they are published.