Po a se pi gwo ògann nan kò nou. Li fè yon gwo travay chak jou: pwoteje nou kont solèy, polisyon, bakteri, epi kenbe dlo nan kò a. Men pou po a kapab fè tout travay sa yo byen, li bezwen bon eleman nitritif sitou Vitamin.
Men 5 vitamin ki pi enpòtan pou sante pow ak rezon ki fè yo esansyèl:
⭐ 1️⃣ Vitamin C Vitamin Klere a
Vitamin C se youn nan vitamin ki pi renmen nan swen po paske li:
- Konbat tach nwa ak ipèpigmantasyon
- Bay po a yon eklè natirèl
- Ogmante pwodiksyon kolagen
- Pwoteje kont domaj solèy ak polisyon
➡️ Pi bon pou moun ki gen tach, po ki parèt fatige oswa san vi.
Ou jwenn li nan: serom Vitamin C, zoranj, sitwon, frèz, pwiman wouj.
⭐ 2️⃣ Vitamin A – Renouvèlman Po a
Yo konnen li kòm Retinol oswa Retinoid nan pwodui swen yo. Wòl li:
- Fè po a renouvle pi vit
- Diminye aknè
- Fè rid ak liy amann yo parèt mwens
- Amelyore teksti po a
➡️ Ekselan pou moun ki vle anpeche aknè & siy aje pi bonè.
Pridan: li ka fè po a vin pi sansib ak solèy.
⭐ 3️⃣ Vitamin E – Pwoteksyon ak Idatasyon
Vitamin E se yon antyoksidan fò ki:
- Pwoteje po kont solèy & radikè lib
- Kenbe idratasyon nan po a
- Apwiye gerizon lè gen gratèl oswa po irite
Ou jwenn li nan: Shea Butter lwil kokoye, lwil joumou, lwil zaboka, nwa.
⭐ 4️⃣ Vitamin B3 – Niacinamide
Sa se sekrè yon po ki balanse:
- Diminye lwil twòp
- Fè por yo parèt pi piti
- Bon pou aknè ak po ki sansib
- Fè tòn po a vin pi inifòm
- ➡️ apwopriye pou tout tip po.
⭐ 5️⃣ Vitamin D – Vitamin Geri a
Vitamin D enpòtan pou:
- Konbat enflamasyon
- Amelyore pwoblèm po tankou ekzema ak psoriasis
- Sipòte baryè pwoteksyon po a
Sous natirèl: solèy nan bon dizon (ak pwoteksyon), pwason, ze.
Nan Pomyel, nou kwè chak po merite swen ki senp, natirèl, efikas, epi ki respekte idantite w. Nou chwazi engredyan ki nourisan tankou Vitamin C, Niacinamide, lwil natirèl ak bè afriken pou ede po w rejwenn ekilib li, amelyore tèksti, epi bay yon klere ki sòti anndan.
Nan Pomyel, objektif nou se ede w bati yon rutinn ki chita sou sa po w vrèman bezwen pou l klere chak jou ak konfyans.
Apre w fin aprann enpòtans vitamin pou po a…
👉 pran yon konsiltasyon pèsonalize pou dekouvri ki woutin ki bon pou tip po pa w.
Pomyel.com —Bèl Po Natirèl, Soti Anndan ✨