Ou gen bouton leuw fin raze?

Ou gen bouton leuw fin raze?

Gen anpil moun ki konn remake ti bouton oswa gratèl apre yo fin raze.kit se bab nan figi, anba bra, oswa lòt pati nan kò a. Sa rive paske pandan wap raze, po a vin sansib, por yo ouvri, epi mikwòb jwenn chans antre. Lè bakteri sa yo antre, yo souvan lakòz bouton .

Men se pa yon bagay ou oblije tolere chak fwa. Deep Hydration Skin Toner Pomyel fèt ak witch hazel, yon engredyan natirèl ki ede netwaye por yo, touye bakteri yo, epi kenbe po w idrate apre ou fin raze.

Kijan pou itilize li nan woutin ou

  1. Apre ou fin raze, lave zon ou fin raze ya ak dlo pwòp.
  2. Sèche po a dousman ak yon sèvyèt pwòp.
  3. Pran Deep Hydration Skin Toner Pomyel epi flite li dirèkteman sou zòn nan, oswa sèvi ak yon koton pou pase l dousman sou po a.
  4. Kite l seche natirèlman, epi si ou vle, swiv ak yon idratan.

Rezilta ou ka atann

  • Pap gen bouton ankò, epi po a pap fè gratèl
  • Zòn ou itilize l ap vin pi lis, pi swa.
  • Pap gen ipèpigmantasyon ankò nan zòn ou fin raze a, paske po a rete idrate ak byen pwoteje apre chak itilizasyon.

👉🏽 Lè w sèvi ak Deep Hydration Skin Toner Pomyel regilyèman apre raze, ou ap netwaye por yo, elimine bakteri, epi evite bouton parèt. Se yon ti etap senp ki fè yon gwo diferans pou po w. ✨

Back to blog

Leave a comment

Please note, comments need to be approved before they are published.