Po Sèch? Men kijan pouw fèl vin bèl, dous, epi byen idrate ak POMYEL 🌸

Po Sèch? Men kijan pouw fèl vin bèl, dous, epi byen idrate ak POMYEL 🌸

 

Nou tout konnen santiman lè po nou sèk, lè li sere, lè nou wè tach blan oswa ti flak kap dekale. Po sèch se pa sèlman yon ti pwoblèm, li se yon siy ke po w bezwen plis swen ak lanmou.

Daprè dèrmatològ sètifye, po sèch rive lè baryè natirèl po a fèb, sa ki lakoz po a vin blanch, rèd, ak irite. Medikalman, yo rele sa xerosis  yon mank dlo oswa lwil nan po a.

Gen plizyè bagay ki kapab lakoz po sèch:

  • Sezon fredi
  • Savon ki gen twòp asid oswa engredyan agresif tankou alkòl, parfen, ak pwodui chimik
  • Maladi
  • Laj ki ap ogmante
  •  si w pa bwè ase dlo, sa ka lakoz po w vin sèk.

Tout sa afekte nivo idratasyon ak sante po nou.


Kijan pou w ede po w refè

  • Sèvi ak dlo tyèd, pa cho, lè w ap lave figi w.

  • Idrate po w pandan li toujou imid pou ede kenbe dlo natirèl la.

  • Chèche engredyan idratant tankou asid hyaluronik, siwo myèl, ak lwil natirèl ki bay po w plis elastisite.

  • Evite egzfolye chak jou oswa pwodwi ki gen pwodui chimik fò.

  • Pwoteje po w chak jou kont solèy ak pousyè, paske sa yo ka agrave sechrès ak iritasyon.


Po sèch se pa yon bagay ou dwe resiyen avè l.
Po w pa fèt pou l santi l sèk, sere.
Po w bezwen swen ki fè li ret idrate, swa, ak an sante.
Ou merite santi po w vivan ankò.

Pran premye etap la jodi a.
Fè konsiltasyon ou sou pomyel.com .
Apre konsiltasyon an, ou ka dekouvri Po Sèk Essentials Kit yon kit ki gen tout sa po sèch bezwen pou retabli idratasyon, lwil, ak balans li.

Itilize kòd CONSULTATION15 pou jwenn rabè espesyal ou.

Pou plis enfòmasyon oswa pou pale dirèk avèk nou, klike isit la pou WhatsApp  561-618-9474.
Chwazi Pomyel paske po w merite pi bon swen.

Back to blog

Leave a comment

Please note, comments need to be approved before they are published.