Ou janm achte yon pwodui pou po paske yon zanmi te di w “Men pi bon pwodui a, li chanje po mwen!”Men lè ou eseye l, li pa fè anyen pou ou, oubyen li fè w gen bouton?
Pa enkyetew gen yon rezon pou sa.
Chak po diferan.
Sa ki mache pou yon moun ka pa mache pou ou. Sa pa vle di pwodui a pa bon li jis pa fèt pou kalite po ou.
💧 Poukisa Kalite Po a Enpòtan
Po w se tankou anprent ou pa gen okenn lòt ki menm jan avèw.Kalite po a depann de kantite dlo, lwil, ak sansiblite li genyen.Se poutèt sa li reyaji diferan ak pwodui diferan.
Ann gade diferan kalite po yo 👇
1. Po Sèk
Po sèk konn santi l sere,oubyen fè ti pelikul apre w fin lave figi w.
Sa vle di li pa pwodwi ase lwil natirèl.
Sa li bezwen:
- Netwayan ki pa twò fò
- Serum ak Asid Yaluronik – Belle Visaj Acid Serum
- Krèm rich ak Shea Butter, Lèt Avwàn ak Siwo Myèl Soap
- Ti eksfolyasyon 1–2 fwa pa semèn
- 💧 Panse ak po sèk tankou yon eponj swaf dlo li bezwen imidite tout tan.
2. Po Gra
Si figi w klere fasil, espesyalman nan fwon, nen, ak manton, w gen po grès.
Po grès pwodui plis lwil pase sa li bezwen.
Sa li bezwen:
- Netwayan ki lejè
- Pwodui ak Niacinamide oswa Savon Charcoal
- Krèm san lwil
- Gommaj ak Kafe ak Mant pou netwaye por yo
- 🌿 Po gra bezwen balans
3. Po Melanje
Po melanje gen kèk zòn ki sèk, epi lòt ki gen grès (tankou T-zòn nan).
Sa li bezwen:
- Netwayan dous
- Serum ki bay imidite tankou Vitamin C Serum oswa Belle Visaj Acid Serum
- Krèm ki lejè
🌸 Po melanje bezwen atansyon se balans ki kle a.
4. Po Sansib
Si po w fasil wouj, irite, oswa gratew, w ka gen po sansib.
Sa li bezwen:
- Pwodui natirèl san pafen
- Savon ak Lèt Avwàn ak Siwo Myèl (Oatmilk & Honey Soap)
- Shea Butter pou kalme ak pwoteje po a
🍯 Po sansib se tankou yon timoun li bezwen swen dous.
💕 Poukisa Pwodui Zanmi w la Pa Mache Pou Ou
Chak moun gen pwòp kalite po pa yo. Si w gen po sèk e zanmi w gen po grès, pwodui li itilize a ka twò fò pou ou. Lè w pa itilize bon pwodui a, ou ka lakòz plis pwoblèm tankou:
- Bouton
- Gratèl oswa woujè
- Po ki vin pi sèk oswa pi lwil
✨ Solisyon an? Fè Konsiltasyon w!
Se pou sa nou kreye Konsiltasyon Pomyel la.
Nan Pomyel, nou kwè ke bon rezilta kòmanse ak bon konpreyansyon.
Konsiltasyon an ede w:
- Konnen kalite po w
- Chwazi pwodui ki bon pou ou
- Fè yon ti woutin senp, efikas, e ki fèt espesyalman pou ou
Lè ou konnen sa po w bezwen si se imidite, netwayaj, kalme, oswa klète
ou ka bay li swen li merite.
🌿 Fè Konsiltasyon w jodi a sou pomyel.com epi kòmanse vwayaj ou pou jwenn po rèv ou.