Poukisa Shea Butter Enpòtan Sezon Fredi?
Lè sezon fredi ap pwoche, po nou bezwen plis swen. fredi, chofaj andedan kay, souvan fè pow vin rèd, bay gratel,oswa dekale pow. Se la African Raw Shea Butter Pomyel vin pote solisyon an: yon swen natirèl ki anpeche po a sèch, kalme iritasyon ak pwoteje pandan tout sezon fredi a.
Poukisa Shea Butter Enpòtan Sezon Fredi?
-
Idratasyon pwofon
Shea butter se yon grès natirèl ki gen anpil asid gra. Li aji tankou yon baryè ki kenbe dlo anndan po a. Lè tan frèt, po gen tandans pèdi imidite rapid, sa ki lakoz li vin rèd, irite, epi bay gratèl. -
Anti-enflamasyon ak kalman
Shea gen pwopriyete kalman ki ede po ki irite oswa gratel akoz sechrès. Li ede nan geri ti gèl gèl nan po a. -
Barikad pou po
Shea butter fòme yon pwoteksyon natirèl ki ede defann po kont fredi ak lòt faktè ekstèn ki ka domaje l.
-
Natirèl, san aditif
Raw shea butter (ki pa raffine) kenbe tout benefis natirèl li ki pa pèdi paske yo pa sèvi ak prodwi chimik. Sa fè li ideyal pou po sansib tou.
Kijan Pou Sèvi Avèk Shea Butter nan Woutin ou Sezon Fredi
- Apre douch / beny cho: Aplike yon ti kantite pandan po a toujou imid pou bloke idratasyon an.
- Swa: Anvan ou dòmi, aplike shea butter sou zòn ki pi sansib tankou janm, men, pye ,etc pou kenbe yo idrate pandan tout nwit lan.
- Mizaj sou figi: Pou figi ki vin sèch), ou ka melanje yon gout ak sèrum oswa lwil natirèl (tankou lwil jojoba oswa kokoye) pou yon mélange ki pa lou.
- Sou pwent cheve: Sezon fredi souvan fè cheve vin sech,bay kape, shea butter ede idrate, kalme po tèt, epi anpeche cheve kase.
Rezilta Ou Ka Atann
- Po ki rete swa, lis, san gratèl menm nan frèt.
- Po ki pa vin sèch ni kale, sitou sou men, bra, janm ak figi.
- Cheve ki pi rezistan ak mwens kase, espesyalman sou pwent yo.
- Yon sansasyon konfò ak pwoteksyon natirèl pou fè w pase sezon fredi san deranjman.
Konsèy Pratik
- Ti kantite se plis: Shea butter natirèl se konsantre anpil yon ti ponyen ap fè anpil.
- Micro-ondes ouswa vapeur tiède: Si li solid, ezite chofe li piti piti oubyen frotle li ant men w pou fonn li anvan aplike.
- Tès sou zòn sansib: Si ou pa janm itilize shea butter natirèl, teste li sou yon ti zòn po pou verifye pa gen reyaksyon.